Accéder au contenu principal

Rejte sòti 1941 pou rive jouk jounen jodi a (pati 4 )

Rejte sòti 1941 pou rive jouk jounen jodi a (pati 4 ) 


Prezidan Lesko pran larelèv pou l kontinye pèsekite Vodou. Li te menm arive di li te pèsekite Sèvitè Ginen pou l te ka fè bèl nan je Lafrans men li vin regrèt paske li vin reyalize se jwe Lafrans te jwe l pou yo te ka destabilize gouvènman l lan.  Sou woulib pawòl Kèsizan, Lesko te di fòk nou elimine Vodou pou n pwoteje renome peyi a. Sou gouvènman Lesko a Pè Kal Edwa Pyè (Carl Edward Pierre) te parèt ak yon seri atik ki pote tit Lakwa kont Ason. Misye te di an franse:

< Fòk nou pran prekosyon pou nou kraze tout bagay: kraze boutèy yo, kraze govi yo, dechire pòtre yo, dechouke poto mitan yo ansanm ak kwa yo, bwote wòch yo ale, sezi kolye vèvè yo, demoli Kay Lwa yo, koupe repozwa yo, dechèpiye tout bagay swadizan sakre men ki pa anyen pase sipèstisyon. Sa ka fè nou mal pou n derape, men se moun yo k ap rete. E yo pa p pran nou oserye si nou pa sevè. >>

Katechis Legliz Katolik la te al pi lwen toujou epi an 1941, Legliz la ekri nan Katechis li:

<>

Legliz te mache kay moun pou fè yo sèmante yo pa p sèvi Lwa. Nan moman sèman an, pè a plante yon kwa sou tèt moun nan. Annapre,  yo bay moun nan yon kat ki montre li konvèti. Sipèstisyon Legliz se pa ak lojik moun konbat sa. Se ak sipèstisyon moun konbat sipèstisyon. Hougan yo rekonèt sa epi yo di moun depi pè egzije yo sèmante ak kwa sou tèt ou, annik peze gwo pous ou atè epi sa ap desèmante sèman an.

Kòm te gen lontan depi anpil Ayisyen te Fran Ginen / Fran Katolik, lè legliz la vin mande Ayisyen pou yo rejte Kwayans Vodou, yo tou jete Kwayans Katolik paske yo te mete tou 2 kwayans yo nan menm lo nan tèt yo. Kifè nan atake Vodou, Legliz vin sètoblije atake pwòp sipèstisyon l. Li te konn batize rad penitans. Fran Ginen / Fran Katolik adopte sa, epi Legliz sispann beni rad penitans.  Avrèdi, Legliz pa t janm fè kanpay kont sipèstisyon.  Si pou l ta fè sa, fòk li ta rejte kwayans Kretyen l kòm sipèstisyon paske sa pa chita sou evidans. Kwayans li chita sou kwè li egzije moun kwè doktrin Legliz epi li rele sa Lafwa. Si Legliz t ap batay kont sipèstisyon, fòk li ta elimine dlo beni. Nanpwen pè ki ka distenge yon dlo ki beni deja ak youn ki poko beni. Fòk yo ta elimine batèm. Nanpwen pè ki ka distenge yon timoun ki batize deja ak youn ki poko batize.  Lè Legliz katolik fè pwopagann kont sipèstisyon, sa koupe zèb anba pwòp pye l. Fidèl li yo jete yo nan Pwotestan an kantite. Nan atake Vodou, Legliz Katolik mòde gwo pous li. Li pèdi ni sak, ni krab. Pandan prèske tout peyi a te Katolik, alèkile 30% vin Pwotestan e jou an jou pousantaj la ap grandi. Tout sa paske Legliz al atake Vodou.

Kou Legliz Katolik vin remake mouvman Rejete a ap fè l pèdi pye, li kòmanse mande moun pou yo lage Vodou san yo pa ranmase Kwayans Pwotestan paske sèvis Pwotestan se sèvis dyab. Se kon sa, nan mwa dawou 1941, Lesko vin fè Legliz Panntekos ilegal ann Ayiti. De mwa anvan sa, Lesko te mande lapolis pou yo akonpanye pè nan kanpay Rejete a.

Chante Legliz te chante kòm chante motivasyon pou Rejete, se te chante vyolan.  Youn nan chante yo te di:

Frape Michèl

Frape Michèl

Frape o

Frape Michèl

O konba de Jezi

Pa gen Ti Lòm ankò

Alelouya Satan

Pa gen Pikan ankò

Alelouya Satan

 

(Ti Lòm ak Pikan te Hougan)

 

Alelouya se yon mo Ebre ki vle di lwanj. Sa pa vle di ale. Men, ki mele Legliz. Alelouya gen ale ladan n, yo pwofite sèvi avè l pou ale nan sans mo kreyòl la epi nan chante a yo mete non hougan yo voye ale… Nanpwen entèl entèl ankò, alelouya Satan.

Legliz Katolik fè krim kont limanite lè l rantre kay moun al detwi byen yo. Se pou ede anpeche zak kon sa Nasyon Zini vin pase lwa ki pwoteje tout Kwayans, tout relijyon kont diskrimninasyon.  Men se pa premye fwa Legliz mal kanpe nan istwa moral limanite. Legliz Katolik ansanm ak prèske tout lòt Legliz Kretyen yo te patisipe nan lanse esklavaj ak nan soutni esklavaj. Anpil presbitè yo, se moun ki t ap travay kòm esklav ki bati yo. Kife legliz la pa t peye 5 kòb pou anpil byen ki tonbe nan men l. Katedral Okap la bati an 1718. Nou ka asire n, se moun ki t ap travay kòm esklav ki bati l. Pami tout enstitisyon ki te gen pandan epòk esklavaj la, ann Ayiti, se Legliz Katolik ki te gen plis moun ki t ap travay pou li kòm esklav.

Jano, youn nan Lidè reyinyon Bwa Kayiman yo, misye te travay kòm esklav nan presbitè Okap la. Alepòk, Legliz Pwotestan yo potko ann Ayiti. Yo te gen moun ki t ap travay kòm esklav pou yo nan lòt peyi. Lè esklavaj fini Legliz Kretyen fè pèt epi yo mache di se dyab ki fini ak esklavaj ann Ayiti. Regretan pou jis kounye Legliz Katolik poko dedomaje pesonn pou Kay Lwa li te boule, pou repozwa li te koupe.  Nan Tòbèk Ayiti, te gen yon pè franse ki te rele Pè Lavalas. Misye mouri apre li te fè koupe yon repozwa. Moun nan zòn nan di Pè Lavalas te tounen yon move espri ki te kontinye pèsekite Eritye Ginen menm nan lanmò.

Tankou Legliz Katolik la, pifò Legliz Pwotestan Ameriken pote nan peyi a poko mande padon pou patisipasyon yo nan esklavaj.  An 1443, Pap la te deklare Bondye padone depi davans tout krim ki sètoblije fèt pou fè Afriken sèvi esklav. Pi devan,  pandan 19vyèm syèk la Legliz la te vin di moun pa dwe pran nouvo moun kòm esklav, men si  w te genyen ki t ap travay pou wou deja, li pou wou nèt. Se jis an 1963, Legliz la pran yon pozisyon klè kont esklavaj. Se nan Vatikan II Legliz la vin dakò ak Revolisyonè Ayisyen yo epi li deklare esklavaj se yon krim kont limanite.

An 1932 Lorimè Deni (Lorimer Denis), Franswa Divalye (Francois Duvalier), Lwi Dyakwa (Louis Diaquoi) fòme yon gwoup pou denonse zak mechanste Legliz nan Rejete. Pi devan, gwoup yo a vin montre Kanpay Rejete 1941-1942 a se pitit mouvman Itlè ann Almay. Gwoup la montre se yon gwoup pè ki te sipòte Itlè  e ki te travay pou gouvènman Misolini ann Itali, se yo Vatikan vin mete kòm Chèf Legliz ann Ayiti. Etranje sa yo ki pa t ka sipòte egalite lòt pèp nan limanite vin Ayiti pou detwi kwayans nou paske pou yo se sèl kwayans blan ki valab.

Sa tris men tout gwo mouvman Rejete nan peyi a fèt swa pou enpresyone etranje, oubyen se etranje ki òganize l menm.  Lawouze fè banda tout tan solèy pa leve. An jeneral, an 1942, nan yon peyi kote moun te viv an sekirite sòf pou zak leta ak Legliz ki ta p mache kraze byen moun, pandan yo pè t ap voye monte sou do Vodou nan Katedral Pòtoprens la, yon eleman kanpe nan ban Legliz la epi li tire sou pè a. Li pa pran l. Men bal la fè Legliz la sipèk lavi pè l yo ka andanje epi se kon sa li vin sispann Rejete kòm yon pwogram ouvèt.  Se pou sa gwo Kanpay Rejete sa a te vin dire yon ane sèlman 1941-1942.

Legliz la vin pa vrèman kanpe kanpay Rejete a. Li vin ralanti l pou l fè l an soudin. An 1942, Achevèk Pòtoprens la, Jozèf Lagwaz, sikile yon lèt pami klèje a pou fè yo konnen Rejete pa ka sispann paske Rejete se sèl rezon Legliz la egziste.

Dènye malè ki pase Ayiti Legliz Katolik ak Legliz Pwotestan pwofite di se Vodou ki fè Bondye aji kòm sadik pou fè Ayiti mal.  Men si Lafrans, Angletè, Etazini gen men yo tranpe nan movèz aksyon, Legliz Kretyen pa janm denonse yo kòm sadik. Yo pito lage mechanste a sou do Bondye. Yo konn mèt ke yo, yo toujou pran prekosyon pou yo pa nonmen non peyi sa yo an mal.

Lè Jan Klod Divalye tonbe an 1986, Legliz pwofite fè touye hougan ak manbo kòmkwa se yo ki te soutni Divalye, malgre Legliz te gen bon rapò ak gouvènman an. Divalye marye Legliz. Legliz batize pitit li. Yo chante tedeyòm pou rejim nan regèlyèman. Menm apre Divalye tonbe, te gen pè, te gen monseyè ki te kontinye pale nan avantaj rejim nan. Legliz Pwotestan ak Legliz Katolik pa ka di y ap dechouke hougan pou sipò yo pou Divalye, san li pa dechouke yon pil manm klèje l la tou.

Pou ede Legliz la respekte dwa moun daprè konvansyon entènasyonal Ayiti siyen ak Nasyon Zini depi 10 desanm 1948, aktivis Ayisyen vin fòme gwoup Òganizasyon Bòde Nasyonal. Nan menm ane 1987 la, yon lòt gwoup fòme ankò, Asosyasyon Vodouwizan ak Defansè Vodou. Òganizasyon sa yo te reyisi fè Asanble Konstitisyon an retire Lwa Antisipèstisyon 1935 la. Yo te esplike Lwa sa yo sèvi pou moun preche entolerans, e pou yo derespekte dwa moun pou suiv konsyans yo, ak relijyon  yo, yon bagay  fondamantal pou tout moun.

Nanpwen manti Legliz pa p soutni pou l lanse kanpay Rejete depi okazyon an prezante. Pandan yo swadizan ap fè kanpay antisipèstisyon se Legliz kretyen yo ankò ki te fè n konnen se pa mouvman plak tektonik anba tè Ayiti a ki toujou an mouvman ki fè peyi a, tankou peyi Japon, siseptib gen tranblemanntè. Men yon pil Pè ak Pastè vle n kwè se madichon ki kreye tranblemann te. Legliz la pito eskive tout esplikasyon lasyans pou l vin manti sou tèt pwòp Katedral li li pèdi. Li vle n kwè se pa mouvman plak tektonik ki kreye tranblemann tè, men se Bondye ki fè touye plis pase 300 000 moun nan Goudou Goudou. Dapre yo, Bondye  tyak pou rayisab li genyen n paske nou pa t aji nan enterè Lafrans lè n al pran Endepandans pou fè kolon sispann rich sou tèt nou, sispann vyole fanmi n, sispann lote n pou vann. Granmèsi kominote save lasyans tou patou ki te vag sipèstisyon Legliz, pou yo te vin mete seyismograf nan peyi a dekwa pou n ka pi byen konprann ki lè tranbleman tè pral fèt.

Lè Nasyon Zini entwodui kolera ann Ayiti, Legliz ede kontrarye pwosè Ayiti te dwe fè pou Nasyon Zini dedomaje viktim yo. Angiz li fè sa, li fè yon kanpay sipèstisyon pou fè moun konprann se pa mikwòb kolera ki bay maladi a men se hougan k ap voye poud kolera sou moun epi li fè yon bann hougan, yon bann manbo pèdi lavi yo mal. Ankò li pa dedomaje eritye moun sa yo.

Tout sa se rezon pou n veyatif paske se veye Legliz Pwotestan ak Legliz Katolik ap veye okazyon pou yo vyole dwa moun dekwa pou youn nan yo ka sèl kòk chante sou mache espirityèl la. Ayisyen reziste pèsekisyon Legliz tout jan. Rete pou n trennen yon pè, yon pastè ki vyole dwa moun devan Tribinal Entènasyonal pou vagabondaj.


  

Travay Dyeri ak Ivwoz Jil

Pou Bookmanlit.com

Premye me, 2021

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Vidéo: Pestel: une espèce étrange découverte

 La population de Pestel a découvert, ce 7  mars, dans le fond une espèce d’animal qui leur paraît étrange. Il s’agit d’une espèce rare voire endémique. Selon une source contactée, elle serait atterrie dans la rade en suivant la trajectoire d’un voilier.  Voir vidéo 

Un jeune pressenti comme candidat à la députation

Un nouveau candidat à la députation en lice  Cette semaine, à la surprise générale, un nouveau visage fait soudainement son irruption sur la scène politique et s’apprête à se lancer officiellement dans les prochaines compétitions électorales.   Le jeune entrepreneur et ingénieur Francky Mesmin se dit prêt à se présenter candidat à la députation dans la prochaine compétition électorale pour la circonscription de Pestel.    Le jeune candidat multiplie déjà ses contacts et ses relations sur le terrain afin de rassembler le plus de gens autour de sa candidature.  Francky se dit engagé pour rehausser l’éclat de la commune. 

Décès du Dr Sénèque Philippe

Décès du Dr Sénèque Philippe  Le directeur médical du centre de santé de Pestel, Dr Sénèque Philippe, est décédé ce mercredi 23 mars, des suites d’un cancer. La nouvelle du décès du médecin a été confirmée par ses proches.  Pestel connexion blog présente ses condoléances aux familles Philippe et Belance.