Accéder au contenu principal

Eleman konseptyèl ki ka pèmèt nou konprann lojik sikilasyon dominasyon nan kominote pestelwaz yo (pati 3)

 Eleman konseptyèl ki ka pèmèt nou konprann lojik sikilasyon dominasyon nan kominote pestelwaz yo (pati 3)


Nan menm ti kout je n ap fè pou nou wè jan dominasyon sikile nan kominote yo, nou dekouvri anpil eleman ki ka toujou itil nan refleksyon an. Pou kontinye, n ap fè nou wè ke lajan pa prensipal mwayen ki pèpetye lojik dominasyon an, men anpil fwa se pito sou istorizasyon notabilite a nou te deja abòde a. Bagay fè nou wè gen de moun ki dakò tèl gwoup domine yo pa rapò ak reyalizasyon zansèt gwoup sa yo nan tan lontan. Sa rantre menm nan kad konfyans yo fè yo nan kapasite pou chanje kèk sitiyasyon. Nan sans sa, nou ka di ansanm reyalizasyon zansèt gwoup moun sa yo genyen yon konkenchenn pwa nan konfyans kolektif la epi ki rann lot gwoup difisil pou yo pa mete yo dakò ak yo. 

Sou menm ang sa, lè nou gade aspè sa nou konprann anpil moun nan kominote yo wè dominasyon sou kesyon enfliyans gwoup moun genyen nan kad devlopman zòn lan. Pwodiksyon ak pakou zansèt moun k'ap chache itilize enfliyans konte anpil pou yo. Sepandan sa ki pral fè moun yo refize enfliyans la se lè moun k ap chache genyen kolaborasyon yo pou regle pwòp zafè pa yo. Sa ta vle lè dominasyon pran fòm eksplwatasyon oubyen ale nan sans pou fè kòb sou do yo. Nou ka wè sou ang sa, dominasyon pa otomatik e li pa pèpetyèl. Lojik ki chita dèyè se kisa ou fè ap enfliyans ou an pou garanti byenèt nan kominote yo. Konsa tou li enplike fòm enjistis ou fè moun yo sibi. Pa pran moun yo pou gwo nanm yo konn ki gwoup ki domine pou eksplwate e k lòt ki domine pou sèvi kominote a. 

Nou pa fè yon lide, sistèm lan repwodwi pwòp tèt li. Lajan se pa pi gwo mekanis repwodiksyon li men jan nou di a se listwa reyalizasyon gwoup moun yo. 

Nan menm lojik sikilasyon dominasyon, le nou gade nou wè gen yon repwodiksyon ki fè de tout pratik sa yo nan Mitan kominote peyizan yo. Repè fanmi dominan nan bouk la se referans pou Pitit peyizan yo; se yo yo itilize pou simante pwòp dominasyon yo. Apre etid yo, lè yo debake nan milye yo, yo gen anba men yo swa yon legliz, yon òganizasyon oubyen yon pati politik. 

Kontak misyonè blan yo genyen sèvi kòm zouti pou fè moun yo kwè nan yo. Gras ak sila sa yo, yo fè kèk aksyon ki bay yo vizibilite y ap chache a. Se sa ki pral pèmèt yo pran plas gwoup dominan bouk la oubyen jwenn kolaborasyon yo. Nan espri sa, yo pran an chaj kèk timoun pou fanmi yo e pou lòt tou ki fasilite yon rapò depandans. Pwen pozitif bagay sèke li diminye fenomèn restavèk la. Genyen ki tou kreye òfelina. 

Legliz la yo kreye a sèvi de aparèy ideyolojik pou mennen tout batay y ap fè.

Lè pa gen kontak blan, yo kreye òganizasyon kominotè pou fè yon seri travay nan zòn lan ki pral favorize dominasyon yo sou kominote a. Se ak menm estrikti sa yo tou y ap chache fè kòb ak ONG oubyen Leta pou kenbe kapital dominasyon an. Se an menm tan yon mwayen pou kreye yon kapital ekonomik ki pral bay yon vizibilite de moun rich. Elan yo nan biznis pral pèmèt yo pa yo achte nan men fanmi notab nan bouk la ankò. Se konsa tou rezo sosyal pral devlope ki tou fè yo tounen pwolonjman enterè yo. Epi tou se menm kliyan gwoup moun dominan nan tan lontan ki vin kliyan yo. E repwodwi menm pratik kòmès ki chita sou bay Kredi, vann a pi bon pri. Estrateji sa yo fè kliyan yo devlope yon rapò depandans ak yo. Se yo menm ki tou parenn oubyen pitit yo, parenn oubyen marenn maryaj yo, jij nan kèk ka. 

Lòt bagay, gen anpil ladan ki pwofite pou lye yo ak yon pati politik. Eleman sa yo rantre nan tèt yo nan lis viktim gwoup moun dominan nan tan lontan pa vle dil ak pitit yo oubyen pitit yo prefere al chache apwi moun nan klas politik Jeremi. Sila sa yo ap bay plis privilèj epi valorize pi plis pase fanmi notab Pestel yo. Se nan konsa yo fin devlope tout yon mekanis pou rann yo dominan. Anpil fwa, yo tonbe achte tè peyizan, fè yo abi, genyen yon fanm nan chak lokalite jouk pou rann yo fò. Yo itilize vodou kòm mwayen sikolojik yon fason pou redwi enfliyans fanmi dominan nan zòn yo kontwole. Yo jwenn mwayen patwone rara yo, itilize yo kòm enstriman pwopagann. 

Echèk notabilite nan kèk ka fanmi nan

bouk la favorize pi plis dominasyon yo. Notabilite Sèten fanmi rive diminye akòz konpòteman kèk desandan yo fin genyen nan kominote yo. 

Se menm bagay ki pral fè dominasyon pa plis familyal ankò menm pi plis endividyèl. Se konsa endividi ki pral parèt tèt yo kòm sovè; se sa sosyològ Weber bay non lidè karismatik. Anpil fwa se yon lidèchip ki konn demagojik, popilis. Moun sa yo plis sou regle pwòp zafè yo pase pou rezoud pwoblèm kominote yo. Sètadi dominasyon sa pa bay enpresyon li gen yon kontni toutbonvre. 

Modèl dominasyon sa pran rasin li nan efè pratik demokratik yo. Se de moun ki bay enpresyon yo kapab pote revandikasyon popilasyon yo e ki pa ranpli reyèlman liston an. 

N ap fini pou nou di mizanplas sosyete kominis pa genyen kominote ki pa chita sou yon baz lojik dominasyon. Se oryantasyon dominasyon pran ki fè li parèt deranjan pou espas sosyal. Si li chita sou yon baz lojik siperyorite makyavelik li gen tandans pou li koze plis tò ak kominote a. Nou pa swete se fòm sa li pran pa bò isit lakay nou sinon l ap fatal pou nou. Lè sa se yon ti gwoup k ap gen espas sosyal nan men yo. 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Vidéo: Pestel: une espèce étrange découverte

 La population de Pestel a découvert, ce 7  mars, dans le fond une espèce d’animal qui leur paraît étrange. Il s’agit d’une espèce rare voire endémique. Selon une source contactée, elle serait atterrie dans la rade en suivant la trajectoire d’un voilier.  Voir vidéo 

Un jeune pressenti comme candidat à la députation

Un nouveau candidat à la députation en lice  Cette semaine, à la surprise générale, un nouveau visage fait soudainement son irruption sur la scène politique et s’apprête à se lancer officiellement dans les prochaines compétitions électorales.   Le jeune entrepreneur et ingénieur Francky Mesmin se dit prêt à se présenter candidat à la députation dans la prochaine compétition électorale pour la circonscription de Pestel.    Le jeune candidat multiplie déjà ses contacts et ses relations sur le terrain afin de rassembler le plus de gens autour de sa candidature.  Francky se dit engagé pour rehausser l’éclat de la commune. 

Décès du Dr Sénèque Philippe

Décès du Dr Sénèque Philippe  Le directeur médical du centre de santé de Pestel, Dr Sénèque Philippe, est décédé ce mercredi 23 mars, des suites d’un cancer. La nouvelle du décès du médecin a été confirmée par ses proches.  Pestel connexion blog présente ses condoléances aux familles Philippe et Belance.