Accéder au contenu principal

kijan kòt Lwès Afrik la vin pote non Ginen

kijan kòt Lwès Afrik la vin pote non Ginen 

 Souvan moun ann Ayiti rele zòn kote Ansyen . nou yo te soti a, Ginen. Lè kon sa nou konn di nou soti lwen, nou se Nèg Lafrik Ginen. Vrèman vre, pifò Ansyen fanmi Ayisyen, apeprè 90%, se moun ki soti sou Lakòt Ginen. Nan tan lontan, kòt Lwès Afrik la te rele Ginen. Non zòn nan make kòm Ginen sou kèlke kat jeyografi ki te pipliye pandan 14zyèm syèk la e zòn nan te kontinye pote non Ginen an rive jis lan 18tyèm syèk la. Lè n ap pale de Lafrik Ginen n ap pale de yon zòn, byen presi, sou kontinan Afrik la. An jeneral, sou latè, se ak moun zòn sa a nou pi sanble, ni nan san nou, ni nan mòd mès nou.

Lè nou di nou soti lwen, se bon pawòl toujou. Gen 8,800 kilomèt ant Lakòt Ginen ak Karayib la. Sou pik Komès Moun Kòm Esklav la, se 3 mwa sa te pran pou yon batiman soti nan Ginen pou l rive Ayiti. Se afòs trajè a te long kifè gen chante Vodou ki di: si Ginen pa te lwen kon sa, lontan mwen mache chimen mwen. Lè kolon yo te anbake Ansyen yo, mennen yo bò isit, se te pou yon sèl ale, pa t gen tounen lakay. Se tristès sa a ki kite pwovèb dèyè do se nan Ginen.

Kèlkeswa, nan ki nanchon yon moun te soti sou Kòt Lwès Afrik la, rive sou zile a, tout Afriken vin konsidere tèt yo kòm Nèg Ginen. Abitid sa a vin fè desandan moun sa yo rele tèt yo Eritye Ginen. Nan pale toulejou, Ginen se non yon teritwa, kon sa tou, Ginen se non moun ki te abite teritwa sa a. Kwayans Tradisyonèl pèp Ginen vin pote non Sèvis Ginen. Non Sèvis Ginen an montre jan nou menm Ayisyen, nou valorize Ansyen fanmi nou yo kòm espri ki merite admirasyon nou. Lè n ap fè sèvis Ansyen yo, nou sèvi ak mòd pale Ansyen yo epi nou rele pale kon sa, Pale Langay oubyen Pale Ginen.

Sa pa ret la, Ginen gen yon lòt definisyon toujou. Ginen vle di paradi. Kwayans sa a sanse menm ak kwayans moun Dahomen ki kwè apre lanmò, moun al jwenn Ansyen fanmi yo lan Koutomè (Koutoma), peyi mò yo. Pou anpil Ayisyen, peyi mò yo, se Ginen. Vrèman vre, pandan 15zyèm a 18tyèm syèk la, Ginen te soukonn yon paradi devan lavi bò isit, sou regleman Kod Nwa Lafrans lan. Pou anpil Ayisyen, Ginen se yon lokal mistik paske pandan li se yon kote sou latè tout bon, li se peyi mò yo tou.

 Lan Kwayans Tradisyonèl Ayisyen, apre Dye nanpwen anyen ki gen plis valè pase Ansyen fanmi nou yo, Ginen yo. Pou nou, Ginen yo pat manke diyite ak moralite. Se pou sa, lè moun san vègòy, san diyite, san moralite, nou konsidere yo manke prezans Ansyen yo lakay yo. Nou rele moun kon sa San Ginen.

Menm jan ak Ayisyen, kominote lasyans la konn mete mo Ginen an nan non plant ki sot sou Kòt Lwès Afrik la. Se pou sa Ayisyen rele yon kalite yanm, yanm Ginen, yon kalite zèb, zèb Ginen. Alèkile, mo Ginen an fè pati de non kèlke peyi sou kòt Lwès Afrik la tou. Gen peyi Ginen Biso ak Repiblik Ginen ak Repiblik Ginen Santral. Gen peyi ki pa menm ann Afrik e ki pote non Ginen an. Lè Pòtigè yo te debake sou zile Papwa lan Pasifik la, yo te remake koutim moun sa yo te sanble anpil ak mès moun nan Ginen, epi yo tou nonmen Zile Papwa, Nouvo Ginen. Ann Amerik di Sid, gen peyi Giyàn ak Giyàn Fransè. Plizyè istoryen kwè non 2 peyi sa yo soti nan mo Ginen an tou.

 Pi enteresan toujou, se ki kote non Ginen an soti menm. Sanble se moun Nanchon Mede ki te bay yon pati nan Kòt Lwès Lafrik la non Ginen an. Yo te sèvi ak non sa a pou dekri moun ki te abite nan sid, apre Dezè Sahara a. Pi ansyen dokiman ki siviv e ki gen mo Ginen an ladan n se sou yon kat jeyografi ki te pibliye an 1320. Non Ginen an ka pi ansyen toujou pase dokiman sa a. Pandan 12zyèm syèk la, nan antrans sid lavil Marakèch nan peyi Mawòk, pèp Bèbè te bati yon baryè yo rele Baryè Ginen (Bab Aginaou). Petèt Bèbè yo te konsidere zòn apre baryè a kòm teritwa moun Ginen. Youn nan pi ansyen Wayom nan Ginen ki dokimante se Wayòm Gana. Wayòm sa a te konn twoke lò pou sèl ak pèp Bèbè lan nò Afrik. Pi ansyen tèks ki egziste sou Gana se nan liv Al-Fazari te ekri pandan 8tyèm syèk la ( J.D Fage, 1957). Alalong Wayòm Gana a kraze. Moun Nanchon Sousou anvayi l epi yo touye bonkou nan fanmi wayal Gana a. Annapre, rès fanmi wayal Gana a kreye Wayom Mali. Alepòk Arab yo te konsidere Wayom Mali kòm pi puisan gouvènman ki te egziste nan Ginen. Kòm zòn nan se zòn nanchon Mede, ata mo Mali a se yon mo Foula ki vle di Pèp Mede. Gouvènman Wayom Mali a te kontinye komès lò pou sèl la (E W. Bovil, 1995). Yo te bezwen sèl la paske yo te abite lwen lanmè e yo te bezwen sèl la pou konsève vyann, sitou pwason. Ann Ewòp se te mèmman, parèyman, wa ann Ewòp yo te konn peye militè kont pou yo achte sèl. Se kon sa pemam travay vin pote non salè, ki vle di lajan sèl.

 Wayom Gana ak Wayom Mali te fè komès lò a pandan yo tap eseye kache kote lò yo a soti. Pou tèt sa, yo te bay zòn kote lò a soti a yon fo non, Wangara. Nan chèche fouye, gen moun ki te vin aprann se bò larivyè Nijè lò a te soti toutbon. Travayè min lò sa yo te konn vann Pèp Twarèg yo lò tou. Twarèg yo se moun po klè ki te abite bò sid Dezè Sahara a. Moun Ginen te konsidere moun po klè sa yo kòm moun wouj. Abitid rele moun po klè moun wouj, se yon abitid ki soti nan Ginen e ki kontinye ni o Zetazini, ni ann Ayiti.

An 1375, Kankan Mousa, Wa Wayom Mali, parèt sou yon kat jeyografi ki dekri l kòm Seyè Ginen, ki vle di Mèt Ginen. Pou jis kounye, pami tout moun rich ki janm egziste, Kankan Mousa se youn lan sa k te pi rich yo. Pandan Wa Kankan Mousa te pase nan peyi Ejip pou l ta l  vizite lavil Meka.  Nan vwayaj sa a, misye fè yon distribisyon lò ki vin fè moun ann Ewòp swaf richès lò Ginen an. Se sa k te plis fè Pòtigè yo òganize vwayaj pou y al vizite Ginen. Annapre, Anglè yo vin tèlman rantre lan komès lò sou Lakòt Ginen, yo te bay yon pyès kòb an lò pote non Ginen. Pandan peyi Ewòp yo vin ap fè komès sou Kòt Lwès Afrik la, komès moun nan zòn nan ak Wayom Mali vin pèdi pye epi ekonomi Wayom Mali febli. Lò Wayom Mali te konn jwenn nan diminye epi komès ant Mali ak Bèbè yo, ak Arab yo kraze.

Arab yo te rele pèp Gana, Gana-awa epi yo te rele tout moun lan zòn Ginen an, Ginen-awa. Yo te ajoute awa nan non sa yo paske Arab yo te adopte mòd pale moun nan zòn Soudann ann Afrik. Nan lang Soudann yo, awa vle di pèp. An 1526, Leyo Afrikanis pibliye yon liv kote li di Ginen se non pèp Mede ki te abite nan lavil Dyenni. Lavil Dyenni te vin gen gran enpòtans kòm yon sant komès lan epòch kote lavil Diya nan Wayom Mali tap pèdi pye. Sanble Dyenni vle di ti Diya ( J.D Fage, 1957). Leyo Afrikanis ranmase koze awa a epi li di Mizilman yo te rele zòn nan Gine-awa. Misye di tou, natif natal yo te rele zòn nan Ginen, men, Pòtigè yo te rele zòn nan Gine. Pou Leyo Afrikanis, se Mede yo ki natif natal zòn nan. Mede yo te divize an plizyè gwoup. Pami gwoup sa yo gen Banbara, Mande, Mandig, san konte lòt gwoup Mede toujou.

Lavil Dyenni chita lan zòn nò Larivyè Nijè. Larivyè Nijè gen fòm yon demi sèk. Sanble non Nijè a soti nan non pèp Twarèg te bay rivyè a. Yo te rele rivyè a Jè-Njeren (Gher Ngheren), yon non ki vle di gran rivyè. Nan ansyen kat jeyografi yo, se zòn alantou kote rivyè sa a pase ki rele Ginen. Rivyè a kòmanse nan Peyi Siyera Leyonn epi li fini nan peyi Nijerya. Nan tan lontan, moun ki te fè kat jeyografi yo te konprann larivyè Senega te konekte ak Larivyè Nijè. Kòm moun Senega (Senegal) Ganbya te fonksyone sou lobedyans Wayom Mali, yo te konsidere tèt yo kòm Pèp Ginen. Pandan 15zyèm syèk la lè Pòtigè yo debake nan zòn nan, moun Senega-Ganbya te konfime pou Pòtigè yo zòn nan se Ginen li rele epi chèf li se Wa Mali a. Men fòk Pòtigè yo te deja konnen non zòn nan paske depi nan 14 zyèm syèk te gen kat ki tap sikile ann Ewòp kote sou kat sa yo zòn nan te deja rele Ginen. Nan kat ki pibliye pandan 15zyèm syèk la, Ginen se teritwa ki soti Senega rive Nijerya. Nan epòk sa a, yo pa t mete Kongo kòm yon pati nan zòn Ginen an.

 Kou Pòtigè yo fin met pye lan Ginen, yo rantre nan yon komès ki bay yo plis kòb pase lò yo ta p chèche a. Yo rantre nan komès moun kòm esklav atravè Atlantik la. Se Prens Anri ki te fè demach pou Pòtigal rantre nan tout kalite komès ann Afrik e se misye ki te òganize premye vwayaj Pòtigal ann Afrik. An 1481, Pòtigè yo bati Fò Lan Min (Elmina) pou ede yo poze sele sou komès lò lan zòn nan. Kou yo fin bati fò a, Wa Pòtigal, Anri II, deklare tèt li Seyè Ginen (Mèt Ginen). Kounye atò, tank komès moun kòm esklav la pran ektansyon, se tank non Ginen an vin sèvi pou tout kòt Lwès Afrik la epi sou kat jeyografi yo, Kongo ak Wangòl vin parèt sou kat yo kòm yon pati de Ginen. Rive nan 18tyèm syèk, Ginen vin vle di teritwa ki kòmanse nan Senega pou rive Wangòl. Zòn nan te longè 8000 kilomèt, lajè 1000 kilomèt. Gen 2 dezè ki delimite Ginen. Nan nò se Dezè Sahara. Nan sid se Dezè Kalahari. Kwak Mozanbik ak Madagaska pa sou kòt Lwès Afrik la, se sou bò lès la yo ye, kwak sa, nou ka konsidere yo kòm diferan zòn nan Ginen paske apeprè 5% popilasyon Ayiti a te soti nan 2 zòn sa yo.

 Kòm nan epòk Revolisyon Ayisyen an, plis pase 80% popilasyon an te fèt ann Afrik, yo te byen konn non Ginen an suivan jan mo a te sèvi pandan 18tyèm syèk la. Se pou sa nan chante Vodou, Kongo fè pati de Ginen: Si nan Ginen gen Lwa, se Lwa Kongo ki Lwa mwen...Se paske tou kòt Lwès Afrik la te vin pote non Ginen, kifè jodi a gen peyi tou pre Senega ki pote non Ginen, Ginen Biso, epi gen peyi tou pre Kongo ki pote non Repiblik Santral Ginen. La a menm, lè Ayisyen di yo se Eritye Lafrik Ginen, yo byen dekri tèt yo kòm desandan moun ki te abite sou kòt Lwès Afrik la- Nan Ginen.


Dr Jerry Gilles 


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Vidéo: Pestel: une espèce étrange découverte

 La population de Pestel a découvert, ce 7  mars, dans le fond une espèce d’animal qui leur paraît étrange. Il s’agit d’une espèce rare voire endémique. Selon une source contactée, elle serait atterrie dans la rade en suivant la trajectoire d’un voilier.  Voir vidéo 

Un jeune pressenti comme candidat à la députation

Un nouveau candidat à la députation en lice  Cette semaine, à la surprise générale, un nouveau visage fait soudainement son irruption sur la scène politique et s’apprête à se lancer officiellement dans les prochaines compétitions électorales.   Le jeune entrepreneur et ingénieur Francky Mesmin se dit prêt à se présenter candidat à la députation dans la prochaine compétition électorale pour la circonscription de Pestel.    Le jeune candidat multiplie déjà ses contacts et ses relations sur le terrain afin de rassembler le plus de gens autour de sa candidature.  Francky se dit engagé pour rehausser l’éclat de la commune. 

Décès du Dr Sénèque Philippe

Décès du Dr Sénèque Philippe  Le directeur médical du centre de santé de Pestel, Dr Sénèque Philippe, est décédé ce mercredi 23 mars, des suites d’un cancer. La nouvelle du décès du médecin a été confirmée par ses proches.  Pestel connexion blog présente ses condoléances aux familles Philippe et Belance.