Accéder au contenu principal

Yon lòt apwòch sou orijin Papa Desalin

Yon lòt apwòch sou orijin Papa Desalin

Yon Tèsk : Dr Jerry Gilles 

Mesye Dàm lasosyete, Kò Papa Desalin kenbe sekrè k ap tann Eritye yo vin dekòde.

Anpil moun chèche, san yo pa jwenn okenn dokiman ki montre ki lè Desalin fèt. Sa fè m pèdi espwa gen okenn dokiman ki ka rezoud sa. Mwen pa kwè fouye plis tèks 18tyèm ak tèks kòmansman 19èm syèk la ap ba n repons ki pou satisfè nou, si nou egzijan. 

Se kò Desalin menm ki pou reponn kesyon sa yo pou nou. Men, jwenn kò l se traka ki mande otorizasyon Leta ak apwobasyon popilasyon an. Asiposizyon nou ta arive fouye tonm Lanperè, enben kò kadav li sere yon pil sekrè. 

Mwen ta renmen kwè Papa Desalin ta kontan nou dekouvri sekrè sa yo paske se pou sa menm li te batay. Se te pou nou Feraye nan tout branch konesans. Se ak respè pou Lanperè, pou n ta egzamine zo l pou kadav kò l pale ba nou. 

Tout kò Lanperè se istwa. Istwa a pa ekri nan okenn lang. Li ekri an isotop. Kout plim ekriti sa a, se tout sa Lanperè te janm manje bwè nan lavi. Koze mande chèz. Rale ti chèz ba a pou n koze.

Kò moun plis fèt ak idwojèn, oksijèn, kabòn, azòt, souf. Chak eleman sa yo gen diferan isotop. Sa vle di gen diferan mak eleman sa yo. Pa egzanp, tout oksijèn se oksijèn, men tout oksijèn pa menm; nan sans gen oksijèn ki pi lou pase lòt paske  yo gen diferan valè netwon nan kò yo.  Nan jagon teknik, nou ta dwe di tout eleman oksijèn pa gen menm mas atomik

Kounye a atò, kòm dlo fèt ak oksijèn ak idwojèn, tout gout dlo pa vrèman sanble kou 2 gout dlo vre. Gen gout dlo ki lou pase lòt, suivan si gout dlo a fèt ak isotop oksijèn ak isotop idwojèn ki pi lou yo.  Gout dlo ki pi lou yo mwen fasil evapore e tanperati pa afekte dlo leje ak dlo lou menm jan. La a men, suivan tanperati yon zòn, suivan si zòn nan wo nan mòn, suivan si yon zòn fon anndan yon kontinan, sa detèmine ki varyete isotop idwojèn ak isotop oksijèn ki pi komen nan dlo zòn nan. Alèkile, moun fè kat jewografi distribisyon diferan isotop  idwojèn, oksijèn, kabòn, azòt, souf, nan diferan zòn sou latè.

Sonje sa w bwè, sa w manje, sa w respire, se sa kò w ye. Se pou sa abitan di ou se pitit tè a. Depi w manje, depi w bwè lokal, sa k nan tè zòn lakay ou, se li ki nan kò w. Ak yon kat distribisyon isotop ann Ayiti ak nan Ginen, nou ka sèvi ak idwojèn ak oksijèn nan kò Desalin pou n gen yon bon ide sou nan ki lokal li te plis manje bwè. 

Konsa tou, gen diferan isotop kabòn. Kabòn se yon eleman enpòtan nan manje. Sou pousantaj diferan isotop kabòn nan dan Desalin, nou ka konnen ki kote li te abite anvan laj 5 an paske gen pati nan dan moun ki fèt anvan laj 5 an epi yo ret la.

Kòm zo nan kòn n repare tèt yo tout tan, sa vle di tout ti pati nan zo yo renouvle tanzantan. Men tout zo pa renouvle ak menm rapidite. Nou ka sèvi ak valè diferan isotop kabòn nan zo janm Desalin pou detèmine ki kote li te abite pandan dènye 20 lane yo nan lavi l. Si l te fenk vin abite ann Ayiti apre 1780 konsa, ebyen zo janm ni ka di n sa.  Konsa tou, nou ka sèvi ak zo kòt li pou n konn si l te manje nan Ginen oubyen  si l te manje sou zile a pandan 5 a 10 an anvan lanmò l.

Kòm azòt prezan anpil nan vyann. Diferan pousantaj isotop azòt nan kò l  t ap fè n konnen si l te manje anpil vyann. Kon sa tou diferan isotop souf nan kò l ap fè n konnen si l te manje anpil pwason. Sa ka fè n konnen si l te viv pre oubyen lwen lanmè.

Plon ak fè nan diferan zòn sou latè gen diferan pousantaj isotop ki reflete zòn kote yo ye a. Diferan isotop sa yo nan kò l ka fè n konnen ki zòn sou latè Lanperè te frekante.

Se di vrè, egzamen konsa koute chè paske fòk moun vaporize eleman yo e fòk yo pran anpil anpil prekosyon pou egzanplè yo pa kontamine.  Pran ti bout nan kadav kò Papa Desalin, se bagay ki pou fèt ak anpil anpil respè.  Yon lòt enkonvenyans ki genyen nan mòd analiz sa yo se ke pa gen anpil laboratwa ki espesyalize nan mòd egzamen sa yo. Met sou sa, mizè peyi a egzije pou chak grenn goud Leta al sove yon vi, jodi a menm. Sa ka pa kite kòb pou yon pwojè konsa, nan moman an.  Kanmènm, posibilite sa yo ede montre nesesite pou leta byen veye tonm Desalin paske sa kenbe anpil sekrè pou lòt jenerasyon adrese. 

Nan egzamine kò Desalin nou ka menm detèmine si li te mouri mò rache tout bon oubyen si se yon lòt jan li mouri. Tout sa se diferan mwayen pou egzaminasyon kò l ede n konprann ki mò ki touye Lanperè.

Radyografi zo l ka ede n estime laj li. Konsa tou tès jenetik li ka di n si l fèt ann Ayiti. Pa egzanp, si nou jwenn li gen jèn moun Nanchon Wangòl ak jèn moun Nanchon Nago, enben nou ka di afòs 2 pèp sa yo te abite lwen ak lòt ann Afrik, fòk se nan Amerik la li fèt paske se plis la Afriken diferan zòn vin peple ansanm. 

Mwen kwè Papa Desalin ta kontan wè Eritye yo dekòde sekrè isotop, sekrè jenetik nan kò l pou defèt frekansite Lafrans ki pa t anjistre kote Eritye Ginen sou teritwa a te fèt. Kadav kò Desalin kenbe sekrè k ap tann Eritye yo vin li.

Dr Jerry Gilles 

Sent from my iPhone

Sent from my iPhone man oksijèn pa gen menm mas atomik

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Vidéo: Pestel: une espèce étrange découverte

 La population de Pestel a découvert, ce 7  mars, dans le fond une espèce d’animal qui leur paraît étrange. Il s’agit d’une espèce rare voire endémique. Selon une source contactée, elle serait atterrie dans la rade en suivant la trajectoire d’un voilier.  Voir vidéo 

Un jeune pressenti comme candidat à la députation

Un nouveau candidat à la députation en lice  Cette semaine, à la surprise générale, un nouveau visage fait soudainement son irruption sur la scène politique et s’apprête à se lancer officiellement dans les prochaines compétitions électorales.   Le jeune entrepreneur et ingénieur Francky Mesmin se dit prêt à se présenter candidat à la députation dans la prochaine compétition électorale pour la circonscription de Pestel.    Le jeune candidat multiplie déjà ses contacts et ses relations sur le terrain afin de rassembler le plus de gens autour de sa candidature.  Francky se dit engagé pour rehausser l’éclat de la commune. 

Décès du Dr Sénèque Philippe

Décès du Dr Sénèque Philippe  Le directeur médical du centre de santé de Pestel, Dr Sénèque Philippe, est décédé ce mercredi 23 mars, des suites d’un cancer. La nouvelle du décès du médecin a été confirmée par ses proches.  Pestel connexion blog présente ses condoléances aux familles Philippe et Belance.